Yon opòtinite pou moun reflechi ak pataje istwa yo konsènan tradisyon ak eritaj kiltirèl rete enpòtan pou yo.
Konsènan Evènman sa a
Nan patenarya ak Avanse Ansanm, HistoryMiami Museum ap envite moun nan Sid Florida pou pataje istwa yo epi rasanble pou konstwi yon ekspozisyon sou Entènèt kominote a kreye! Atravè 10 Jou Koneksyon, patisipan yo resevwa ankourajman pou pataje yon istwa konsènan yon atik enpòtan ki montre yon aspè nan idantite kiltirèl yo. Keseswa pou kont pa w oubyen ansanm ak pwòch ou, ou ka soumèt yon videyo ki dekri poukisa objè sa a eksprime eritaj kiltirèl ou. Pa ezite pou w soumèt istwa ou nan kèlkeswa lang. Soumisyon ou an pral fè pati yon ekspozisyon sou Entènèt nan sit wèb HistoryMiami Museum lan.
Kesyon Gid:
· Kisa objè sa a ye?
· Ki kantite tan objè a genyen?
· Ki kote li soti?
· Poukisa li gen valè pou ou?
· Kijan objè sa a montre idantite kiltirèl ou?
· Èske objè sa a fè w sonje yon fanmi pwòch?
· Èske gen yon istwa objè sa a enspire w pou w rakonte?
Pou w soumèt istwa ou an, klike isit la
Atravè eksperyans sa a, nou espere ofri yon opòtinite pou moun reflechi epi pataje istwa yo konsènan poukisa tradisyon ak eritaj kiltirèl yo gen valè pou yo, menm jan ak tande istwa bò kote lòt kominote. Yon ekspozisyon sou Entènèt se yon bagay nou pral kreye nou tout ansanm, pou demontre menmsi moun Sid Florida gen yon divèsite inik, nou ret konekte, epi nou ka fè bagay etonan lè nou rasanble ansanm.