Konvèsasyon vityèl sa a pral ofri yon espas pou yon gwoup moun Sid Florida ki se desandan Afwo-Karayibeyen pou pataje istwa.
Konsènan Evènman sa a
Yo souvan karakterize Miami atravè divèsite li ak koneksyon solid li genyen ak rejyon Karayib la. Anndan popilasyon lokal ki sot nan Karayib la, gen anpil kominote diferan ak rasin ak eksprime idantite Afwo-Karayibeyen. Konvèsasyon vityèl sa a pral ofri yon espas pou yon gwoup moun nan Sid Florida ki se desandan Afwo-Karayibeyen pou tande epi pataje istwa youn ak lòt kòm yon fason pou konstwi pon pou koneksyon. Konvèsasyon an pral eksplore eksperyans yo similarite, ak diferans anndan dyaspora Afwo-Karibeyen an.
Avanse Ansanm ak HistoryMiami Museum envite w pou patisipe nan konvèsasyonvityèl sa a sou eksperyans dyaspora Afwo-Karibeyen an. Nap kòmanse pwogram la ak yon gwoup diskisyon ki ap prezante divès moun Miami ki se desandan Afwo-Karibeyen epi sa ap swiv ak yon sesyon limite kote chak patisipan pral kapab pataje ak aprann youn de lòt. Fasilitatè yo pral gide sesyon limite sa yo, ankouraje patisipan yo pou pataje istwa yo ak kijan yo lye ak idantite yo, prezèvasyon kiltirèl, ak eksperyans “viv nan trèdinyon an.”
Plas limite. Tanpri enskri pou w patisipe nan evènman sa a.
Anrejistre