Yon Kolaborasyon ant HistoryMiami Museum ak Koleksyon Eritaj Kiben (Cuban Heritage Collection
Pwogram Efè Mariel
Efè Mariel: Anvan, Pandan, ak Apre, se yon pwogram ki gen plizyè aspè, ki dire yon ane ki enkli yon seri seminè sou entènèt, ansanm ak difizyon fim an dirèk, konvèsasyon enfòmèl, istwa oral, ak pwojè ekzibisyon ke Koleksyon Eritaj Kiben (Cuban Heritage College) te òganize nan Bibliyotèk Inivèsite Miami (University of Miami Libraries). Pwogram lan adopte yon apwòch entèdisiplinè nan kesyon etidye ankò antesedan, dewoulman, ak konsekans ekzòd Mariel an 1980. Lè yo mete ansanm plizyè pèspektiv nan evènman istorik sa a, seri a gen pou objektif pou li plase Mariel, non pa nan tan pase, men nan tan prezan, pou souliye enpòtans ak eritaj dirab li an.
Nati global pwogram lan gen objektif pou li founi yon espas diskisyon ak entèraksyon kote yo ka etidye plizyè aspè nan Mariel nan yon fason ki pwofon ak kritik. Lè yo asosye ak HistoryMiami Museum atravè Istwa Miami, sa pèmèt enstitisyon nou yo travay ansanm pou kominote nou an pou prete vwa yo nan konvèsasyon kontini sa a. Istwa Miami pèmèt nenpòt moun pou soumèt eksperyans pèsonèl yo nan El Efecto Mariel (Efè Mariel) epi ede kreye yon achiv ki ap ogmante ki pral disponib pou tout moun sou entènèt.
Kisa ki reprezante Istwa Mariel?
Nou ankouraje manm kominote a pou yo pataje souvni, istwa, ak refleksyon pèsonèl yo ki lye ak Mariel. Yo pral ranmase istwa yo vityèlman yon fason gradyèl epi ap gen yon seri kòmann ki ap bay patisipan yo ide kote yo ka kòmanse istwa yo. Yo pral pibliye istwa yo alafwa sou platfòm HistoryMiami Museum ak Cuba Heritage Collection.
- Kijan Mariel te fè enpak sou ou?
- Èske w gen yon istwa pèsonèl ki lye ak Mariel?
- Site kèk ide enkòrèk ou te dekouvri konsènan Mariel?
- Kisa ki reprezante kèk nan eritaj dirab Mariel?
- Kijan Miami oubyen zòn kote w ap viv te resevwa enpak Mariel lan?
Klike isit la pou soumèt yon istwa alekri.
Klike isit la pou soumèt yon istwa videyo.